Rityel Metrye a: Yon Kont Chagren & Vanjans - Setwoulemski - Libros -  - 9798492568726 - 9 de octubre de 2021
En caso de que portada y título no coincidan, el título será el correcto

Rityel Metrye a: Yon Kont Chagren & Vanjans

Precio
Mex$ 351
sin IVA

Pedido desde almacén remoto

Entrega prevista 23 de jun. - 9 de jul.
Añadir a tu lista de deseos de iMusic

(...) Pa gen anyen ki pi dwòl ke leve nan yon fon somèy san ou pa konn kote ou ye, tout souvni w se lonbraj.
Youn apre lòt, tout pati nan kò w ap reveye pandan zye ou ap chèchè endis.
- Kibò m' ye la?
Pansman nan bra, souvètman pròp epi yon kabann ki dous konsa. Genlè se yon rèv.
- Woy! Piga yo dwoge m'! Pa fè tèt cho... Men yon moun ap vini, vit! Fè kòmsi w'ap dòmi men ret sou men w'. Bat pou pran yo pa sipriz. (...)

An Jiyè 2011, se avèk anpil chòk ke mwen te aprann jan yo te vyole e asasine R. Lindor, yon ti jèn etidyan Ayisyèn ki t'ap viv Sen-Domeng. Mwen pa t' rekonèt li pèsonèlman men mwen se zanmi kamarad klas li e daprè sa m' tande se te youn nan moun ki pi janti ki te genyen. Nou tout te frape anpil ak trajedi sa, si tèlman ke nou menm anrejiste yon mizik nan memwa li, men pou mwen sa pa t' ase.
Trajedi sa te ante lespri mwen pandan anpil ane jiskaske mwen rive ekri istwa sa ou pral li la.
L'ap choke ou e li ka fè dlo soti nan zye w men finalman l'ap pèmèt ke ou gen yon lòt vizyon de tansyon ak rayisman ki genyen nan mitan 2 nasyon sa yo, de konsekans ki genyen sou sa ki pi vilnerab yo ak enpòtans ki genyen pou sansibilize kont vyolans ak abi sou moun ki ap chèche lavi miyò.
M'ap envite ou al li istwa sa ke ou pap janm bliye apresa, vin dekouvri jan lespri frajil ak jan lanmò pa janm trò lwen. Vin dekouvri sekrè Mèt la ak anpil lòt mistè ankò, vin aprann kisa ki " RITYÈL MÈTRYE A ".


76 pages

Medios de comunicación Libros     Paperback Book   (Libro con tapa blanda y lomo encolado)
Publicado 9 de octubre de 2021
ISBN13 9798492568726
Páginas 80
Dimensiones 152 × 229 × 4 mm   ·   117 g
Lengua Francés  

Mas por Setwoulemski

Mostrar todo